Chak manman ak fanmi bezwen aksè a enfòmasyon medikal ak resous yo fè konfyans kèlkeswa kote yo ye nan pakou pou yo vin paran.
Strong Florida Moms se kote ou ka jwenn enfòmasyon sou sa pou w atann pandan gwosès, resous pou jwenn swen sante, ak repons pou anpil nan kesyon manman ak papa ki Florida yo genyen konsènan leve timoun. Fanmi yo ka jwenn aksè ak resous kominotè yo tankou gwoup sipò lokal ak lòt manman, inisyativ k ap pèmèt ou jwenni opòtinite travay, ak lòt resous ki adapte ak pakou pou vin paran.
“Antanke yon manman, mwen konnen byen li enpòtan pou gen resous pou w jwenn enfòmasyon yo. Soti Panhandle rive Keys, manman ki Florida yo se kolòn vètebral fanmi ak kominote nou yo – epi nou la pou sipòte ou a chak etap nan pakou an.”
Tout kontni © 2025 Florida Department of Health ak reprezantan li yo. Tout dwa rezève.