Gadri pou Timoun

Youn nan pi gwo desizyon ki pi enpòtan ou pral pran kòm paran se chwazi bon jan kalite gadri pou pitit ou a. Resous sa yo ap ede w chwazi pi bon founisè pou fanmi w.

Chwazi yon founisè nan gadri pou timoun

Jwe videyo

Kesyon pou poze yon Founisè

Konsidere pou poze kesyon sa yo pandan w ap vizite gadri timoun yo. Repons kesyon sa yo ka ede w deside si founisè a bon pou pitit ou a:

  • Èske etablisman an gen lisans nan Florida?
  • Èske tout pwofesè yo ajou ak kondisyon fòmasyon yo?
  • Èske etablisman an respekte tout rapò anplwaye/timoun?
  • Ki kalite kourikoulòm yo ofri?
  • Èske anplwaye yo gen entèraksyon pozitif epi ankouraje timoun yo?
  • Èske timoun yo parèt kontan nan anviwònman yo?
  • Èske timoun yo toujou anba siveyans?
  • Èske chak manm pèsonèl responsab menm timoun yo chak jou?
  • Ki jan yo kenbe paran yo enfòme sou pwogrè pitit yo?
  • Konbyen fwa yo voye kominikasyon bay paran yo?
  • Èske etablisman an gen yon anviwonman pwòp epi ki an sekirite?
  • Èske yo bay goute ak/oswa manje ki bon pou sante epi ki nitritif?

Jwenn bon pwogram gadri pou pitit ou a se yon desizyon enpòtan pou w pran. Li enpòtan tou pou konprann kisa ki nesesè ak pwosesis enspeksyon founisè gadri a tou pou w konprann lè w ap pran yon desizyon enpòtan konsa ki ka afekte lavi pitit ou a.

Divizyon Aprantisaj Bonè Depatman Edikasyon Florida angaje l pou l bay timoun ak fanmi yo sèvis aprantisaj bonè ki aksesib, abòdab epi ki gen bon jan kalite. An kolaborasyon ak 30 kowalisyon aprantisaj bonè ansanm ak Redlands Christian Association, pwogram Aprantisaj Bonè ofri twa sèvis prensipal:

  1. Pwogram Preparasyon pou Lekòl la la bay èd finansyè pou fanmi ki gen ti revni pou yo kapab peye edikasyon ak gadri pou timoun piti yo, pou yo ka vin otonòm finansyèman epi jèn timoun yo ka gen siksè nan lekòl alavni.
  2. Pwogram avan Preskolè Volontè (VPK) se yon pwogram edikatif gratis ki prepare timoun ki gen 4 lane pou yo reyisi nan preskolè ak etap ki vin aprè yo.
  3. Resous ak Referans pou Gadri se yon rezo ki ede fanmi yo idantifye epi chwazi opsyon gadri bon jan kalite epi ki pi byen satisfè bezwen yo.

Pou plis enfòmasyon sou Aprantisaj Bonè, rele 866-FL-READY (357-3239).

Lè w ap chwazi gadri pandan vakans ete pou pitit ou a ki gen laj pou al lekòl, gen anpil opsyon pou konsidere. Resous Depatman Timoun ak Fanmi Florida (Florida Department of Children and Families) yo bay yo ka ede w fè yon chwa ki asire sekirite epi ki amizan pou pitit ou a.

Depatman Timoun ak Fanmi Florida gen yon varyete resous ki pèmèt ou revize egzijans pou gadri, detay sou founisè a, ak lòt gid enpòtan pou asire w ou gen enfòmasyon ou bezwen pou fè pi bon chwa pou pitit ou a.