Anbrase bèl pakou matènite a gen ladan li yon pakèt chwa, epi youn nan desizyon natirèl epi estimilan anpil manman pran nan bay tete.
Lèt matènèl se yon sous nitrisyon ki esansyèl, epi alètman ede kreye yon lyen solid ant manman ak tibebe. Lèt matenèl gen antikò, anzim, ak eleman nitritif esansyèl ki sipòte devlopman fizik tibebe a. Li ede ranfòse sistèm iminitè ti bebe a epi li pwoteje kont enfeksyon ak maladi.
Alètman nan premye èdtan oswa de premye èdtan aprè akouchman an bon pou ou menm ak tibebe w la. Lè ou bay tete bonè, sa ede tibebe w la fè premye poupou li pi vit, sa ki diminye chans pou tibebe a vin jòn (jònis). Menm si ou poko santi tete ou plen ankò, yo bay jis bon kantite lèt bonè (kolostwòm) pou tibebe w la aprè nesans lan.
Kòmanse bay tete tousuit ede ogmante "òmòn manman yo," yo rele oksitosin ak prolaktin. Nivo oksitoksin yo enpòtan pou pwodiksyon lèt epi ranfòse lyen emosyonèl ak tibebe w la. Prolaktin ka ogmante nivo dopamin ak oksitosin nan kò ou, sa ki ka lakòz ou santi ou pi rilaks epi pi fatige.
Anjeneral de a kat jou aprè nesans, kantite lèt ou a ap ogmante anpil. Ou ka santi tete ou vin pi lou, pi plen, epi anfle. Anfle sa a disparèt anviwon sèt a 10 jou aprè akouchman an epi li pa vle di w ap pèdi rezèv lèt ou a. Lèt matènèl ki gen matirite sanble mens ak koulè ble, men li gen tout sa tibebe w la bezwen pou l rete an sante.
Nouvo manman bezwen pase tan ak tibebe yo pou aprann kijan pou yo bay tete. Sa ka pran pou pi piti yon mwa pou etabli yon bon rezèv lèt ak pou yon manman santi li alètman an. Men, avèk pasyans ak pratik, bay tete vin pi fasil.
Fè tout sa w kapab pou bay tibebe w la tete omwen 10 a 12 fwa pa jou pandan premye mwa a. Tibebe ki fenk fèt yo bezwen bay tete trè souvan. Vant yo piti anpil epi yo dijere lèt matènèl la byen vit. Ou pral gen ase lèt pou bay tibebe w la manje menm si ou pa ka wè l oswa santi l. Lè tibebe a rive nan senkyèm semèn, frekans tete yo ap vin pi espase epi regilye. Swiv siy tibebe w la, pa swiv revèy la.
Bay tibebe w la tete lè w remake premye siy grangou yo. Siy grangou tibebe w la ka kòmanse detire, fè ti bri oswa groyen, souse bouch li oswa lang li, vire tèt li nan direksyon ou, oswa mete men l nan bouch li. Kriye se tipikman yon siy reta nan grangou.
Kantite lèt ou pwodui depann de konbyen fwa ou retire lèt nan tete ou, swa pandan yo bay tibebe w la tete oswa pandan w ap peze tete w pou w mete l nana yon boutèy. Plis ou bay tete oswa peze lèt, se plis ou pral pwodui lèt. Gwosè tete w pa gen anyen pou wè ak kantite lèt ou ka pwodui.
Ou ka santi w fristre pandan w ap aprann bay tete. Sa a se yon bagay ki nòmal. Pou anpil manman, li pran kat a sis semèn pou yo abitye ak sa. Envestisman tan ak enèji ou fè nan premye semèn yo se yon b agay ki vo lapenn. W ap envesti nan sante w ak sante tibebe w la. Etid yo montre alètman diminye risk pou kèk maladi pou manman an ak tibebe a, li ede nan rekiperasyon aprè akouchman epi ankouraje yon pwa an sante pou manman an. Anplis sa, w ap bati yon lyen k api dire tout lavi.
Kontakte founisè swen sante pitit ou a si w gen enkyetid sou jan tibebe w la ka pa byen pran tete. Gen resous ki disponib ki ka bay konsèy nan men konsiltan pwofesyonèl laktasyon ak reyinyon gwoup pou sipò nan men lòt manman.
Tout kontni © 2025 Florida Department of Health ak reprezantan li yo. Tout dwa rezève.