Tibebe ki Fenk Fèt

Gen anpil bagay ekstraòdinè sou ti bebe ki fèk fèt ki fè yo tèlman espesyal. Senpleman lefèt ou te fè yo soti nan zewo, ou te fè li grandi andedan ou, epi ou mete yo sou tè a nan yon ti tan sèlman. Sa vrèman etonan!

Lè w pran ti bebe ki fenk fèt la nan bra w, sa fè w sonje ou te fè yon bagay ekstraòdinè.

Pandan de premye mwa yo, li bon pou pase anpil tan ap karese epi pale ak tibebe w la. Tibebe w la ap grandi ak yon vitès rapid epi sèvo li ap devlope. Paran yo ka bay tibebe a yon anviwònman ki gen lanmou ak swen lè yo lè yo youjou reponn yo avèk lanmou.

Tibebe w la ap toujou ap dòmi pou yon peryòd tan ki long, se pou sa li ka difisil pou mete yon orè dòmi ki regilye. Ou ka aprann sou aktivite ki ankouraje bon abitid dòmi tankou kenbe pitit ou a reveye pou pi fò tan nan jounen an, konsa li ka dòmi pandan plis nan lannwit lan.

Aprann "pote" tibebe w la an sekirite nan yon echap pòtbebe oswa twal mou. Tibebe manman yo mete yo sou yo yo ka pi kontan epi pi kalm, gen mwens kolik, epi devlope pi byen.

Evite kite tibebe w la chita sou yon chèz machin, yon chèz ti bebe oswa yon balanswa pou yon peryòd tan ki long. Tibebe yo bezwen anpil kontak fizik. Ou pa ka gate yon ti bebe ki fenk fèt.

Rejè-lèt, yo rele refli oswa GER, se yon bagay nòmal pou tibebe ki fenk fèt la epi an jeneral se pa yon siy nan yon pwoblèm ki pi grav. Apeprè mwatye nan tout ti bebe rejte lèt anpil fwa pa jou nan twa premye mwa yo nan lavi yo. Aprè w fin bay tibebe a tete oswa bibwon, eseye kenbe tibebe a kalm ak nan yon pozisyon dwat pou yon ti tan, epi mete yon bavèt pou rejè a. Rejè yo komen nan ti bebe. An jeneral yo sispann fè rejè ant 12 ak 14 mwa.

Si ou se yon nouvo paran, w ap fè tout bagay pou premye fwa. Mande zanmi w, fanmi w ak kominote w èd pandan w ap rankontre nouvo eksperyans. Pi lwen pase sèk ou nan zanmi ou fè konfyans, gen resous ki disponib pou ede w navige nan domèn paran.

Pran swen tèt ou

Pran swen tèt ou enpòtan menm jan ak pran swen tibebe w la nan premye mwa lavi yo pou w ka reprann enèji w ak fòs ou. Asire w ou ale nan randevou aprè akouchman w pou w rete konekte ak ekip medikal ou a. Sa a enpòtan anpil si ou te fè eksperyans nenpòt konplikasyon pandan gwosès ou ak / oswa travay ak akouchman.

Aprè akouchman, si ou remake nenpòt nan siy avètisman ijan matènèl, ou ta dwe chèche swen medikal tousuit. The Gid pozitif pou paran se yon bon resous pou paran Florida yo aprann sou devlopman timoun nan. 

Nan etap sa a, tibebe w la pral gen ekspresyon vizaj ak reyaksyon trè diferan. Yo pral souri ak ri lè yo kontan epi yo pral kriye lè yo tris, grangou, oswa nan doulè. Akoz sèvo l ap devlope toujou, ti ekspresyon sa yo se sèl fason tibebe w la ap kominike avèk ou.

Vizit ak Founisè Swen Sante

Founisè swen sante pitit ou a ap la pou ede w reponn tout kesyon ou yo pandan w ap adapte w ak lavi w antanke nouvo paran. Si w kapab, ekri kesyon ou genyen yo alavans pou w ka pwofite plis tan w ap pase ak founisè w la.

Pwofesyonèl swen sante pitit ou a ka mande pou li wè yo 2-3 fwa pandan peryòd sa a. Yo pral mezire ak pran pwa tibebe w la pou yo asire w yo l ap grandi nòmalman, obsève devlopman ak konpòtman yo, epi fè yon egzamen fizik konplè.

Pandan tchèkòp de mwa a, pifò ti bebe yo pral vaksinen kont plizyè maladi. Pale ak founisè swen pitit ou a pou w jwenn enfòmasyon sou vaksen yo rekòmande yo.

Li enpòtan pou w pale ak founisè swen sante pitit ou a si w gen nenpòt enkyetid konsènan tibebe w la, sitou si tibebe w la: 

  • Pa pran pwa jan li ta dwe a
  • Li rejti lèt tèlman fò, sa ki nan vant li an soti tankou yon jè dlo
  • Rejte likid vèt oswa jòn, san, oswa yon sibstans ki sanble ak kafe
  • Gen san nan poupou li
  • Li montre siy maladi, tankou lafyèv, dyare, oswa difikilte pou respire

Kwasans ti bebe ki an sante

Tibebe ki fenk fèt yo bezwen manje chak 2-4 èdtan. Si ou kapab bay tete, fè sa. Lèt tete gen antikò, anzim, ak eleman nitritif esansyèl, epi li ede devlopman fizik tibebe a. Lèt matènèl la ranfòse sistèm iminitè ti bebe a epi pwoteje I kont enfeksyon ak maladi.

Si ou pa kapab bay tete, lèt anpoud se yon altènativ pou tibebe ki gen pi piti pase yon lane. Pou asire tibebe a resevwa nitrisyon li bezwen, preparasyon lèt tibebe a dwe fèt egzakteman jan yo dekri sa sou veso a.

Konsèy pou fè dòmi pran ti bebe a yon ti jan pi fasil

  • Asire w tibebe w a gen yon lè pou jwe pandan jounen an, tankou "tummy time" (mete I sou vant pou I jwe anba sipèvizyon). 
  • Kenbe yon orè ki regilye pou manje, fè ti dòmi lajounen, ak lè pou dòmi nan nwit. 
  • Sèvi ak yon woutin pou yo dòmi ak twa oswa kat aktivite k ap detann ti bebe a tankou (benyen tibebe a, fè yon ti masaj dous misk yo, epi answit pase yon ti tan trankil ansanm). 
  • Mete tibebe w la nan bèso a lè li kòmanse parèt fatige, men pandan li toujou reveye. 
  • Mete yon sèvyèt tyè sou dra kabann tibebe w la epi retire li jis anvan ou mete tibebe w la atè. 
  • Jwe mizik dous, limen yon van oswa mete yon revèy k ap mache toupre bèso tibebe w la. 


Si ou te eseye konsèy sa yo epi tibebe w la pa dòmi toujou, pale ak founisè swen sante tibebe w la. Gendwa gen yon rezon medikal pou nwit ajite tibebe w la.
 

Kit ou se yon nouvo paran k ap chèche konsèy pou mete lakay ou an sekirite pou ti bebe a, ou oswa ou se yon mounki deja gen eksperyans nan okipe timoun, nou gen anpil resous pou ede w nan pakou pou vin paran.

Aprann Bagay Debaz nan dòmi an tout sekirite

Pou kò-w • nan do Retounen • nan yon bèso 

Asire w ke tout moun nan fanmi w konnen sa pou yo fè epi konnen bagay bebaz yo nan dòmi an tout sekirite.

Lorem ipsum doldor sit amet, consectetur adipiscing elit. Ut elit tellus, luctus nec ullamcorper mattis, pulvinar dapibus leo.

Jwe videyo