Ide pou Anonse Sèks Bebe a

Chwazi yon estil evènman ki mache ak pèsonalite ou, bidjè, ak nivo patisipasyon ou ta renmen jwenn nan men fanmi ak zanmi. Selebre moman sa a yon fason ki gen sans pou ou.

Divès kalite fèt ak eksperyans

Evènman pou revele sèks tibebe a fèt nan plizyè fòm, sòti nan ti rasanbleman entim rive nan gwo selebrasyon. Chwazi yon estil evènman ki adapte ak pèsonalite ou, bidjè, epi kantite angajman ou swete fanmi ak zanmi ou yo genyen.

  • Yon fèt tradisyonèl kote fanmi ak zanmi reyini lakay ou oswa nan yon kote pou dekouvri sèks ti bebe a .
  • Fè rankont lan deyò pou rankontre fanmi ak zanmi tankou yon randone, nan yon pak, oswa bò dlo a pou fè revelasyon an vin espesyal.
  • Yon revelasyon vityèl ideyal pou zanmi ak fanmi byen lwen. Ou ka òganize yon apèl videyo an dirèk oswa voye yon videyo ou deja anrejistre.
  • Voye yon ti pake revelasyon sèks pa lapòs bay envite yo pou yo louvri pou kont yo oswa ansanm.
  • Ajoute jwèt oswa aktivite pou fè revelasyon an pi amizan ak yon jwèt kachkach, kesyon/repons, oswa jwèt nan lakou.
  • Si ou gen lòt timoun oswa yon bèt kay, ou ka fè yo patisipe nan yon revelasyon pi senp pou fè eksperyans lan vin pi espesyal pou tout fanmi an.
  • Tout revelasyon pa oblije fèt devan anpil moun. Ou ka fè yon moman prive sèlman pou manman ak papa, swa nou filme li pou pataje pita oswa nou kenbe l pou tèt nou.

Lide kreyatif:

  • Koupe gato, ti gato oswa biskwit ki gen koulè andedan pou revele sèks tibebe a
  • Ranpli yon balon ak konfeti koulè oswa lage yon balon ki gen koulè espesifik pou montre sèks la
  • Tire nan kanon konfeti ak bonm lafimen, voye penti sou rad blan, voye boul ki bay koulè pou met nan dlo (bath bombs) nan yon pisin, oswa kraze yon piramid ka ajoute eksitasyon.
  • Fè li tounen yon jwèt pou kat grate, yon jwèt devinè, oswa kesyon/repons pou jwenn repons lan
  • Sèvi ak limyè LED oswa fedatifis ak koulè woz oswa ble
  • Mete espò ou renmen an ladan: frape yon bezbòl, choute yon balon foutbòl, oswa fè yon donk baskètbòl plen ak poud ki gen koulè.
  • Sèvi ak bèt kay ou pou inogire nan revelasyon an ak yon bandana koulè sèks tibebe a.