Enspirasyon Pou Valiz lopital

Prepare pou gwo jou a lè w prepare pou jou ou pral pase nan lopital oswa nan sant akouchman w la. Asire w ou gentan prepare valiz ou pou piti yon kèk semèn anvan dat w ap tann nan epi sonje pou w fikse chèz machin pou tibebe w la anvan ou ale lopital pou w ka mennen ti trezò ou lakay ou.

Sonje pou pote dokiman enpòtan, tankou kat idantite w ak asirans, plan nesans, fòmilè enskripsyon lopital (si ou poko anrejistre), lis kontak pou ijans, ak enfòmasyon founisè swen sante timoun nan.

Pou manman

  • Pijama konfòtab ak rad
  • Chosèt ki pa glise ak pantouf
  • Bouljoli pou cheve, bando, oswa bonèt cheve
  • Glos pou bouch
  • Soutyen ak sèvyèt pou absòbe lèt tete
  • Kilòt matènite
  • Atik twalèt
  • Sandal pou benyen
  • Rad konfòtab pou w mete lè w ap kite lopital la
  • Ekipman pou tete ak aprè akouchman tankou sèvyèt pou absòbe lèt, krèm pou pwent tete, ak yon twous rekiperasyon aprè akouchman.
  • Boutèy dlo
  • Ti goute ak bwason
  • Telefòn ak chajè
  • Kas ak lis mizik
  • Tablèt oswa laptop
  • Bous, kat ak lajan kach pou pakin, distribitè manje otomatik, oswa livrezon manje
  • Lòt bagay ou ka bezwen: bagay pou bouche zòrèy, mask pou je, krèm, makiyaj
Fanm ansent lakay ap prepare sak pou tibebe ki fèk fèt

Pou ti bebe

  • Rad pou I mete lè I ap soti lopital la
  • Ti dra pou tibebe
  • Dra pou vlope tibebe (si ou pa vle itilize dra lopital la bay la)
  • Chapo ak chosèt
  • Chèz machin
  • Lopital an jeneral ap ba ou daypè ak ti sèvyèt, men si ou prefere yon mak espesifik, pote li.


Pou patnè/moun ki bay sipò

  • Zòrye ak dra
  • Rad konfòtab pou kouche, pantouf / chosèt
  • Chajè telefòn ak telefòn
  • Atik twalèt
  • Ti goute ak bwason
  • Divètisman tankou liv, tablèt, oswa kas pou koute trankil pandan manman oswa tibebe ap dòmi